Detekte yon desen myèl ka yon eksperyans enteresan, men li esansyèl pou apwoche yo ak prekosyon ak respè pou espas myèl yo. Men ki jan pou detekte yon desen myèl:

1. Chache yon desen myèl:

Yon desen myèl souvan genyen anpil myèl ladanl epi yo fè anpil bri ki sonen kontinyèlman konsa **ZZZZZZZZZZ**. Ou ka wè yo rasanble ansanm sou yon branch nan yon pye bwa, sou poto, oswa lòt estrikti, epi tou ou ka jwenn desen myèl kote ki fè nwa epi ki proteje kont van.

myel
Myel

Not: Lap bon si ou ta genyen yon monokilè pou ka pèmèt ziyew wè pi lwen. Ou ka achte yon monokilè sou lyen saa.

**Fason ki ka endike ke gen yon desen myèl nan yon zòn enplike lèw wè plisyè myel kap fè antre soti nan yon zòn espesifye e regilyè** (pa blye nòt saa lè wap cheche myèl)

2. Kijan pou tande son ZZZZZZZZZ saa?

Pou tande son ZZZZZZZZ saa pi byen: Siw tap mache epi, tou den kou ou wè plisyè myèl kap vole, Kanpe epi fè silans komplè san ou pa fè pyès mouvman pou yon 30 a 60 segond, pou pemet ou lokalize son myel yo, si ta genyen yon desen nan zon nan. Veye myel kap antre nan trou bwa, anba galeri

Fason teknik pou detekte desen myèl ki evade (swarming): Ou kapab menm fèmen zyew pou ka konsantre pandan wap lokalize son an, epi lèw fèmen zyew pou ti bout tan saa li pèmèt ou lokalize son an pi been, aprè ou finn lokalize son an a zyew fèmen, ouvè zyew epi pozisyone tèt ou dousman dousman sou direksyon ou te tande son an pandan zyew te fèmen an. Kenbe tèt ou fiks pou yon ti bout tan nan direksyon zorèy ou te lokalize son an,pou jiskaske ou lokalize myèl yo vizyèlman kap antre soti oswa .

Menm si ou pa wè yo okòmansman, men ou ka tande bri zzzzzzzzzz saa, siw tande bri saa menm kote a ou eseye swiv son an, avanse yon pa an menm tan pou pa pedi direksyon jis kaske ou dekouvri niche myèl la.

3. Tcheke Touprè yon Ruch ki ekziste deja

Anpil fwa ou jwenn yon desen myèl ki evade gwoupe yo tou prè yon ruch ki egziste deja, sitou pandan prentan ak kòmansman ete lè koloni yo ap agrandi epi repwodiksyon yo pi komen.

4. Obsève jan myèl yo Vole

Desen myèl ki evade vole tout o zalantou lòt, ap vire tounen yon fason ki yon ti jan dwòl, men finalman wap wè yo pral deplase nan yon direksyon espesifik pandan yap chèche yon nouvo kay (ruch) ki pèmanan pou yo rete.

Swiv jan yo vole, direksyon yap vole pou jwenn kote desen myèl la repoze, swiv direksyon ke ou wè plis myèl ale.

5. Lèw rive sou desen myèl la

Yon fwa myèl yo etabli, yo an jeneral rasanble ansanm nan yon kote espesifik. tankou mwen sot di a: Myèl yo ka gwoupe yo sou yon branch pye bwa, yon poto kloti, aba galri, nan trou bwa oswa nenpòt lòt estrikti apwopriye. Lè myèl yo evade konsaa yo fòme yon mas o zalantou rènn nan pou pwoteje li, li difisil pou wè rènn nan lè yo evade a.

6. Ki pi bon lè nan jounen an pou cheche desen myèl

Gen plis chans pou yo fòme pandan pati ki pi cho nan jounen an, anjeneral, soti nan fen maten rive nan apremidi bonè. Myèl yo bouke lè tan an cho ak le gen gro solèy, paske sa fasilite yo pou yo jwenn nouvo repozwa (kay pou yo rete).

7. Kilè myèl yo evade pou yal fòme desen myèl deyò?

Bee swarmNan anpil rejyon, sezon evade a (swarming) myèl fèt anjeneral nan prentan ak kòmansman ete lè koloni myèl yo ap grandi ak divize. Ou dwe espesyalman vijilan pandan tan sa a si w nan yon zòn ki gen aktivite myèl.

–Aprann kijan pou kenbe yon desen myèl sou lyen saa

8. Chache Èd Pwofesyonèl Si Li Nesesè:

Siw wè yon desen myèl epiw pa sèten sa pouw fè, li pi bon pou kontakte yon apikiltè lokal oswa yon pwofesyonèl ki gen konesans ak eksperyans nan apikiltè pou jere sitiyasyon an san danje epi responsab.

Nòt:, Pandan ke desen myèl la ka parèt entimide, yo jeneralman pa agresif paske yo pa gen okenn ruch oswa resous pou yo defann lè yo mòd evade a. Sepandan, li toujou enpòtan pou ba yo espas epi evite deranje yo san nesesite!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

VOTE SEPTEMBER 3rd
Fred image
Elect Fred Fontaine

I am running for State Representative of District-11 In Brockton Massachusetts because I believe that every family and member of this community deserves to live in a place where everyone is welcome, valued, respected while simultaneously living a safe, happy, healthy, and prosperous life, irrespective of their background, place of birth, skin color, or their status.

Fred image
Fred image
For State Representative

Vote for Fred Fontaine and be part of the change that builds a brighter, safer, and more prosperous future for District-11!

Fred image
On September 3rd 2024

Your Voice, Our Future: Let’s Elect Fred Fontaine!

Fred image