Map retiré chapom poum salyé tout mounn ki vizité sit Haiti Myel.
Nan Haiti Myel nou bay têt nou mission poun édé tout ayisyien an jénéral kijan pou yo fè elvaj myèl éspésialman mounn

Cornillon Grandbois, kijan pou yo pwodwi myèl, fè siromyèl é vann siromyèl pounn wè kijan nou ka ede kreé yon baz ékonomik éspésyalman nan mitan mounn ki pi fèb yo.

Ki mounn mwen yé

Nom mwen sé Alcante Sanon

Apwopo Alcante
Alcante Sanon

ki fonde Haiti Myèl mwen fèt nan yon komin ki rélé Grandbois Cornillon en Haiti pa trò lwen
Port-Au Prince, kolé ak frontiè Repiblik Dominican, mwen grandi port-Au-Prince
Mwen sé pitit Luc Sanon, actyèlman map viv Boston Massachusetts.
Mwen profese nan Electricite Industrielle, Digital-marketing, Telecomunication ak wèb devlopman.
Mwen genyen 4 sè ak manmanm kap viv etazini avèm
Mwen genyen twa (3) pitit, 2 gaçon, yon fi
Dépim té jèn gaçon map antre sòti ant Grandbois  Por-Au-Prince mwen té toujou revé anpil bèl bagay pou komin saa, men avèk kondisyion peyi nou an vinn fèl preské imposib pou yon sitwayen réalizé rèv ké li genyen pou peyil ki sé Ayiti nou tout renmen an.
Mwen kité Ayiti mwen antré étazini, men depim rivé étazini mwen toujou ap fè rechèch ak chache tout opotinité ki ka itil peyim espesialman komin Granbois Cornillion.

Vizion Haiti Myèl

Vizion nou, Sé ankouraje ak édé majorité ayisyen a paticipé nan developman projè elvaj myèl ki ka edé anpil frè ak sè nou yo kap viv Haiti yo, ou pa oblije haiti pou patisipe nan pwogram saa nap edé mounn ki patisipé yo fè pwodiksyon myèl la nan yon kondisyon ki sanetizé pou nou ka an mézi poun fè distribisyon tout koté nan mond lan,
Lè nou gadé tout tan bato vinn delivré ban nou epi yo tounen vid nan déstinasyon yo, nou ka itilizé opotinité saa pou nou fè distribisyon siro myèl ak lòt pwodwi ké nou ka devlopé a pati de siromyèl la, pa ekzamp: “delivre pwodwi myel sa yo nan yon dépo amazon poun pa di plis”.
Haiti myèl konté vini ak pwogram pou edé mounn yo pwodwi pwop angrè pa yo. Si nou meté enèji nou nan aksyòn de baz sa yo, aprè 10 ans nou ta sipozé komansé wè yon Haiti kap kreyé richès natirèl pou tout pitit li.

Poukisa anpil mounn ta dwe patisip?

  1. Myèl responsab pou polyé 30% agrikilti
  2. Lap facilité sistèm reprodiksyon plant nou yo, facilite prodiksyon plis manjé
  3. Lap édé echo sistèm nou an tou, ki donk myèl la genyen anpil avantaj ké li ka poté.
  4. Haiti Myèl ap akòmpayé tout mounn ki vlé patisipé nan projè saa depi nan konstriksyon bwat myèl yo jiskaské nou monetizé li.

Sipò kominotè

Mwen té toujou sipòté papam (Luc sanon) nan menm lit pou édé komin nan avansé pi devan, tankou lè papam tap pran decizion poul fè

Luc Sanon
Luc Sanon

donasyon téren klinik Saint Vincent de Paul la yé-a ak lòt donasyon ankò “klinik la vinn politize e manké kòz lanmò-m”!
An 2010 tou swit apré tranbléman tè 12 Janvyé-a mwen rantré Ayiti, lèm atéri aéopò maïs gâté solèy la frapé nan figim ak tout yon chalè kem te pèdi pou yon bon bout tan, mwen té tèlman rejwi poum wèm nan péyim apré anpil tan m-sot fè déyò.
Men gen yon lòt bagay ke mwen té konstaté preské tout bagay rété menm jan ak lèm te Ayiti, ou byen vinn pi mal! si gen yon bagay ki fèt li fèt an ti bagay! é mounn yo tèlman abityé ak sistèm nan, yo vinn trouve ke li nòmal, si ou parèt ak idé ki pou fè bagay yo jan yo ta sipozé yé, menm mounn ou pansé ki té ka konprann plis ké sa diw ké li emposib!

Problèm Ayiti anpil !!!!

Problèm Ayiti anpil !!!! anyen pa a jou, vinn jwenn mwen menm nan épòk saa ki te gen plis ké 12 lané ap travay nan séktè telecominication é ki konpran nesésité pou kenbé yon sistèm ajou, mté wè saa se yon dezas jeneral pou avni peyi-a.

Ki mounn kap pansé pou Ayiti?

Tout inivèsité nou yo politizé!
Pou mwen pagen mounn kap pansé pou demen péyi-a, “yo sèlman ap pansé é trè mal pansé de jou yap viv la sèlman”!
Lèm pran rout poum alé Grandbois Cornillon sé menm ti trâs rout yo, sé menm gro trou yo, sé menm lamp tèt gridap la, sé menm jan-an mounn yo ap viv, sé menm jan-an yo fè bonbon ak biskwit yo ak anpil lòt ankò, tout mounn ap rété tann Port-Au-Prince, pandan Port-Au-Prince bò koté pal “tèt anba é finn krazé”.

Koman mka édé? é ki koté map jwenn résous?

Mwen té pozé tet mwen kesyon koman mwen ka édé? Mwen retounen étazini avèk yon énèji ekstraòdinè, depim rivé mwen té angajé nan rechèch spécifyé tankou electricité, dlo potab, business developman é latriyé spesifik adapsyon pou Grandbois/Cornillion.

Avèk entélijans mwen nan Elétromékanik, bisnis devlopman ak Telekominikasyon an plis mwen genyen yon liv trè rà kém té achté an 1995 nan yon yard sale!! (yard sale la se mounn ki genyen tout kalite bagay anba lakay yo ke yo pa itilize pou anpil tan) liv saa genyen formil pou fè dè santèn pwodwi.

Liv saa te fèt nan tan yo tap devlope sistèm endistryèl nan etazini, avèk sa nou pap fè gro depans pounn devlope pwodwi sa yo. Tout rechèch mwen fè sou liv saa mwen paka jwen li piès lòt koté, liv la relé “money making formulas” “fòmil pou fè lajan“.

Mwen te kompilé tout zouti sa yo ansanm é mwen té komansé dévlopé sistèm natirèl tankou koman pou chofé dlo avèk énèji natirèl, nou tap itilizé tuyo an cuivre pounn chofé dlo-a ak eneji solèy la? Paské nou tout konnen kijan dlo grandbois Cornillion fè frèt.

Nan sans saa mwen té vlé asiré ké mwen genyen dlo cho é dlo frèt lakay mwen e mwen ta pral mete sistèm chofaj saa disponib sou mache-a aprèm te finn testel, mwen ta pral fè seminè pou ti mounn apati de 3ème sekondè, moutre yo trade sa yo, yo patap bezwen al aprann yon lòt kilti potoprens. Koman poum édé ti machann yo devlopé bisnis yo, koman pou dékompozé é transfòmé yon bagay a yon lòt etc.

Nou té genyen plan poun té intégré yon sistèm endistrièl a pati de clas 3èm secondè…yon peyi paka avansé san endistri kap pwodwi.
*****Mwen té gentan dévlopé yon farin pou manjé ti bébé, sèlman mété dlo soukél manjé ya paré*****

Mwen té fè rechèch poum té dévlopé prop pano solèy pa nou nan Grandbois é mwen tap jwenn sipò pou sa nan men mounn ki an tèt Global renewable energy ki baze nan Boston Massachusetts.
Mwen té gen plan pou nou konstri pròp batri pa nou nan Grandbois pou pano solèy yo ak sistèm van ké nou ta pral mété an plas

Pwodwi pwop batri pa nou tap fè nou kenbé pi fò revni nan zon nan, épi tou mkwè sé premyé koté ki tap konstri batri an Haiti! (tout pwocedé sa yo anndan liv fomil pou fè lajan).

Difikilté mwen rankontré

Lè mwen retounen nan zòn nan map familyarizem avèk tout moun ou byen réfamilyarizem ak mounn kém té konnen deja, mwen jwenn ke te gentan genyen yon mèt ésklav établi nan zòn nan, mezanmi mpap voye monté.

Mwen aprann ke menm doktè saa (Leopole Bourgouin) ki antèt sant sante mwen ak paranm te fasilite pou zòn nan se li menm ki vle touyém, pouki rezon? mwen ta renmen konen! men kontak dr Leopole nan facebook,
SVP mande Dr Leopople:
1: poukisa li tap asasinenm nan?
2: poukisa li te mete dife nan desen myèl mwen yan, kom yon doktè mpansé se ou menm ki pou ta ediké popilasyon an pou pwoteje éspès myel, paske éspès saa an disparisyon é lèw gadé enpotans éspès saa, sèké doktè ya pa genyen réspè pou la nati.

Kanta prézan mwen vlé tounen lakay mwen poum al bay sipò ki nesésè.
Sak pi rèd la mté pansé kom yon doktè mte ka kolabore e pataje idém yo avèk li poutan sé té men-nen mimi bay makou.

Mwen menm ak papam konnen ke se yon mounn ki plase pou ede komin nan, poutan se yon mounn ke yo plasé pou reglé zafè blan nan zòn nan! lè mwen konfronte blan yo, yo menasém paské yo genyen chèf an Haïti ki kanpe deyè yo, pa blye Granbois Cornillion genyen anpil MINE nou genyen grès kap koulé 24/24 nan yon seri de zòn, nou genyen MINE glass nan Granbois, nou gen MINE Siman.

Lòt rechèch mwen fè genlè te genyen dinosòz Granbois anvan disparisyon yo, mwen poko ka konfimé zafè dinosòz la a 100% men si mwen gen chans poum tounen lakay, mwen ta renmen pouswiv rechèch sa yo.

Temwayaj

Dr Leopole dim ke President Michele Martelly di blan ki president oganizasyon Save Haiti ya “Li  met achté tè nanpòt janl vlé si genyen pwoblèm fèl konnen‘! mpakonen si se presyon Dr Leopole tap bay poum te ka pa di anyen oswa si prezidan-an te di sa vre.

Antouka si se ta vre, nou ka we klè ke lidè lakay nou ki pou ta ap pwoteje nou okontrè se yo kap edé blan meté pyé sou kou haitian, sa montré klè ke se haitian ki kontribyé nan krazé haiti, epi sak pi rèd la mwen depanse lajan nan pòch mwen poum tal sipòte ansyen presdent Michele Martell nan eleksyon.

Dr Leopole kontribye trè fò nan brilé desen myèl ké mta pral devlopé ya jis poul ka achté tè ya pou blan yo (ak fo papyé tou) paske tout papye tèm nan menm e mtande yo achte tè pou mesye dam sèv haiti yo” sev Haiti a se yon “Non Pwofit Öganization”,  Tout materiel myèl yo reté ap pran pousyè haiti” lè konsa malèré ak malérèz tap jwenn yon gro soulajman ekonomik nan projè myèl saa! Mwen apran ké zak saa te fèt sou komand Dr ya.

Yon group gang tiré wòch sou machine mwen ki pasé a 4″ pous bò tèt mwen, déga wòch la fè nan machin nan sil té pranm, patap gen vi pou mwen ankò! Mwen vinn aprann ké sé té yon group gang avèk zam ki tap travay pou Dr Leopold Bourgoin nan kafou Jelius.

Mwen reté kwè ké Dr Leopold patap patisipé nan yon zak malfézans konsa! men mpaka panse lòt jan paské bandi yo sé anndan kay Leopole yo te ye lè yo te atakem, epi tou sé akòz de fanmi Sanon saa ki fè Dr Leopold kotél yé ya!

Sé nan menm moman saa, yo té mété difé sou dessen myèl kém ta pral dévlopé ya. “Tout materiel myèl yo reté ap pran pousiè haiti nan yon chanm kay” lè konsa malèré ak malérèz tap jwenn yon gro soulajman ekonomik nan projè myèl saa! Mwen apran ké zak saa te fèt sou komand Dr Leopole!

Mwen té bay vag sou tout projè sa yo aprè ensidan grav saa koté Doktè Leopold tap asasinenm nan kafou Jélius. Mwen tap pèdi lavim nan éssayé poté lavi miyò pou tout yon kominoté ou byen Haiti tout antyé.
Aprè sa mwen té décidé fè yon rétrè sou zafè patisipasyonm nan developman grandbois/haiti an jeneral, avèk sa ti mounn mwen yo ka jwi papa yo pou yon ti tan ankò!

Réfléchi ankò Alcante

Mté toujou ap chaché yon mwayen kèlkonk poum wè kòman mté ka fè pasé rézilta réchèch sa yo kém té gentan fè ki pranm pliziè lané pou abouti.

Ouvèti

Pagen lontan de sa depi Lydie Sanon kreé yon group ki relé Grandbois En Action, mwen pat menm konnen sa byen ké sé ti sèm Lydie yé sé lè Lydie komansé ap relém pozém pliziè késsyon dé mounn grandbois ak kèk lokalité nan zon nan.

Note: (Lydie pat fèt Gradbois) epi mkòmansé pozé késyon tou, sé konsa mwen vin aprann de group Grandbois En Action (GBA).
Depi lè saa map swiv konvèsasyon tout mounn, kotém tap dékouvri kem ka fè pasé kèlké idé ki té déjà an rout dévlopman pandan kem tap antre sòti Grandbois yo.

Poukisa sé ak program myèl la nou dérapé?

Nou décidé dérapé ak myèl la paské nap ka ediké anpil moun a distans, lap rivé sou plis mouun epi “tout mounn ka fèl–gran nèg ou malérèz, kew konn li ou pa konn li, fi kou gason” Ekzanp mounn ki fè elvaj myèl: Beyoncé madanm Jay-Z, mounn ki rich e anpil lòt ankò tankou: Scarlett Johansson, Jennifer Garner, Robert Redford, Martha Stewart, Morgan Freeman, lis la kontinye. Nan Haiti Myel nou ka édé ou fè plis ke $100,000.00 USD (vèt) pa ané si ou swiv diréksyon hatimyèl yo.

Kijan nap fè program nan rivé sou mounn ki pi pa ka pab yo?

  1. Yon televizyon
  2. Yon lokasyon
  3. Yon sistèm pano solèy, sistèm van, sistèm dlo ou byen magnetik, (sistèm nan ap chwazi apati de lokasyon-an)
  4. Yon USB drive kap plogé direktéman nan televizion an.

Ap gen yon lidè nan zòn stasyon an ki pou demaré sistèm nan chak jou nan lè ki specifyé pou klass yo.

Kijan nap fè pounn komésyalizé Haiti Myel?

Nou pral kreyé yon patnèship ak la dwann é bato komèsyal kap tounen vid nan déstinasyon yo pounn transpòte siro-a nan amazon kote ke nap itilize platform amazon nan pounn vann siro-a! =$$ se sak fè fòk tout mounn kap patisipé nan pwogram Haiti Myel la swiv klass yo é pratiké tout bon mach a swiv ké nap poté yo pou myèl la ka pa kontaminé.

Pi devan nap vini ak plis enfomasyon pou patisipan yo.
Avèk pwogram myèl la nap ka kreyé yon balans nan sistèm ékonomi ayisyen-an.
Nap mandé tout mounn ki ka bay patisipasyon yo yon jan ou byen yon lòt, pa néglijé fè sa.

Nap bezwen édé mounn ki pa gen mwayen pou komansé yo, poun dérapé lap mandé  anpil enèji, devouman ak mwayen!
Nou ta renmen wè péyizan ayisien ki pi défavorizé yo gen yon lòt figi nan sosiété Ayisien an

Program saa ap benefisye mounn nan tout klas e li ka pwomote economi endepandan pou tout moun san diskriminayon.
Siw bezwen èd, ou genyen kesyon sou pwogram saa ou byen ou ta renmen pataje konesans ou sou zafè myèl la, pa néglijé kontakte nou, epi komanté de saw panse e pataje sit la ak lòt mounn ou konnen ki ka benefisye ou byen kontribyé nan pwogram saa.

Nou ankourajew pou kreye kont ou sou sit https://haitimyel.com
Alcante Sanon 100% Haitian
Ekri nou: info@haitimyel.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

VOTE SEPTEMBER 3rd
Fred image
Elect Fred Fontaine

I am running for State Representative of District-11 In Brockton Massachusetts because I believe that every family and member of this community deserves to live in a place where everyone is welcome, valued, respected while simultaneously living a safe, happy, healthy, and prosperous life, irrespective of their background, place of birth, skin color, or their status.

Fred image
Fred image
For State Representative

Vote for Fred Fontaine and be part of the change that builds a brighter, safer, and more prosperous future for District-11!

Fred image
On September 3rd 2024

Your Voice, Our Future: Let’s Elect Fred Fontaine!

Fred image