Konstwi yon kad pou yon ruch Langstroth enplike nan kreye yon ankadreman an bwa ki pral sipòte gato myèl yo ak la si ke myèl yo pwodwi,

Kisa ki yon kad ruch?

Yon kad ruch se yon eleman estriktirèl ki itilize nan apikòl pou sipòte siwo myèl epi li bay yon fondasyon nan ruch la pou myèl yo koumanse pwodiksyon siwo myèl la. Li tipikman fèt an bwa epi li gen yon fòm rektangilè.

Se sou kad la manzè la rèn ponn ze yo epi se laa tou travayèz yo fè pwodiksyon siro myèl la.

Pati prensipal nan yon kad ruch Langstroth

Kad la konsiste de yon ba anwo, yon ba anba, 2 ba sou kote epi nylon/fondasyon.

  1. Ba anlè a pati ki pi wo nan ankadreman an, se li menm ki kenbe tout fòs kad la.

P

Ba anlè-

 

2. Ba anba a chita anba kad la ki sipòte 2 sou kote yo

Q

Ba anb

3. 2 ba sou kote yo ki se konpozan vètikal sou kote ankadreman an, li pèmèt ou tcheke sante koloni an, ekstrè siwo ak fè lòt travay jesyon ruch la . Eleman sa yo vinn fè ansanm yon ankadreman pou kenbe gato myèl ak la si ke myèl yo pwodwi.

RBa sou kote

Fil nylon/Fondasyon: Myèl yo itilize fil nylon nan kòm yon mach a swiv pou koumanse konstwi gato myèl. Nòt: nou itilize fil nylon pou fasilite mwens depans men ou ka achte fondasyon plastik ki deja prepare pou sa, siw fè sa ou pap bezwen itilize fil nylon nan, men konstriksyon kad la diferan, sof si ou vle achte tout ruch la tou prepare, se selman moute wap moute ruch la ansanm, wap ka achtel sou lyen saa.

S


Fil nylon

Ankadreman se yon karakteristik kle nan apikòl modèn paske li mobil avèk sa li fasilite pi bon jesyon koloni an.

Espesfikasyon

Frame

 

Pa blyé bwa preferé nap sèvi nan Haïti myèl se bwa pen oswa bwa sèd pou evite move zefè sou myèl yo.

Dimansyon jeneral ki aliyen ak dimansyon kad anndan bwat kouvay la:

Longè: 19″

Lajè: 1.2″

Epese: 0.75″

Otè: 8.55″ + 0.75= 9 5/8″

Dimansyon bwa nap itilize: 1/3″

Koupe Bwa Yo

P-Ba anlè: Wap koupe yon moso bwa ki mezire: 19″ X 1.2″ X 0.75″ bwa saa se li ki pral sipòte kad la ak tout siwo lè myèl yo finn prodwi.

Ba anle mezi

Q-Ba anba: Wap koupe yon moso bwa ki mezire: 16.5″ X 1/2″ X 1/2″ bwa saa se li ki anba kad la

Ba anba mezi-

R-2 Ba sou kote yo: Wap koupe 2 moso bwa ki mezire: 8.55″ 1/2″ 1/2″, 2 moso sa yo pral itilize pou sipò 2 soukote kad la.

Behive Frame with specs

Ki donk kad la sipoze solid pou li pa kraze chak ou finn fè yon rekòt siro, li posib pou nylon yo kase lè wap rekòlte men se pa grav paske nylon se younn nan materyèl ke ou sipoze toujou genyen pou ranplase lè yo kase aprè rekòlt (achte nylon nan pa woulo pou ka depanse mwens).

Rasanble moso yo

Rasanble moso yo pou fòme yon ankadreman, gade imaj yo pou direksyon.

Aplike lakòl pou bwa nan jwenti yo pou bay kad la plis fòs.

Tache moso yo ansanm itilize klou oswa vis ki mezire 1pous, si se klou wap itilize asire ke ou dril trou a anvan pou bwa a ka pa fann lè wap klourel epi tou pou ka genyen yon koneksyon solid.

Pou plis estabilite ou ka kreye jwenti a rabè pou tache jwenti yo, sa enplike koupe yon grouve nan pwent bwa yo pou tache jwenti a.

Santre

Sèvi ak yon kare chapant (ekè) pou asire ke ankadreman an kare nan tout ang yo a 90° (degre). Sa enpotan pou aliyman apwopriye lè kad la chita anndan ruch la,

Pa bliye ke pral genyen 10 kad konsa ki pral chita anndan chak bwat a 3/8 pous espas. Not: yo rele tèm saa nan sistèm Langstroth la “espas myèl” (bee space) ki mezire 3/8″

Se espas saa yon myèl bezwen poul sikile san entèripsyon epi myèl yo asire ke espas saa pa ranpli ak propolis, Propolis la se yon lakòl ke myèl pran nan pye bwa ak plant, yo itilize lakòl saa pou yo bouche tout ti trou ki ta ka fè fredi ak limyè antre nan ruch la. yo fè anpil prodwi avèk propolis, pounn site kèlke pwodwi: Tankou Vitamin C, propolis extract pou sipòte Immune sistèm ou e anpil lòt ankò, ou ka ale sou lyen saa pou wè diferan pwodwi yo fè avèk propolis.

Prepare kad la

Prepare kad la pou bay myèl yo yon fondasyon pou yo koumanse fè gato, pou fè sa wap fouye 4 trou piti piti nan chak ba sou kote yo.

Asire ke trou sa yo pozisyone ekzakteman younn anfas lòt ki mezire 0.5 a 1 milimitè (mm), wap itilize Fil Nylon pou kreye 4 liy paralèl, wap mare pwent fil nylon yo pou sekirize liy yo.

Fil Nylon mezi

Direksyon Pou Myèl Yo

Lè wap enstale kad yo nan bwat la pase yon ti la si anba ba ki anlè ya pou ka dirije myèl yo kote pou yo koumanse bati gato myèl sou kad la.

Repete pwosesis saa pou kreye lòt kad adisyonèl. Nòt: Grosè ruch ke nou itilize ya pran 10 kad nan chak bwat,

Ki donk nap bezwen 30 a 40 kad pou yon ruch komplè, 10 oswa 20 kad pou kouvay la epi 20 kad pou 2 supè yo.

2 Supè yo se la ou rekòlte siwo myèl– siwo myèl nan bwat kouvay la pa pou konsome. Siwo saa dwe rete pou myèl yo nouri tèt yo. Nou poko pale de supè yo paske nou poko bezwen yo epi se yon senp modifikasyon de Bwat kouvay la, ki donk siw gentan konprann kijan pou fè bwat kouvay la, lap trè fasil pou fè supè yo.

Si ou pran plezi itilize siwo ki nan kouvay la wap kòz myèl yo mouri de fen, sitou nan epòk ivè lè pa genyen flè pou fè siwo.

Kad konplè

Kad konplè nan kouvay

 

Twa (3) mwayen pou genyen yon ruch:

  1. Fè ruch la pou kòw: wap telechaje enstriksyon yo epi swiv tout mach a swiv yo.
  2. Bòs Ebenis oswa bòs chapant: wap telechaje enstriksyon yo epi wap bay bòs ou chwazi ya pou fèl pou ou. Si ou ta vle sipòte yon fanmiw oswa yon zanmiw oswa ou vle fè yon don a yon mounn, pou ede li koumanse pwogram saa, printe tout leson yo epi bay yon bòs fèl pou li.
  3. Achte ruch la tou fèt: Si ou ta vle sipòte yon fanmiw oswa yon zanmiw oswa ou vle fè yon don a yon mounn, pou ede li koumanse pwogram saa ale sou lyen saa pou achte yon ruch komplè 

 

Kounyea nou koumanse rive nan pati enteresan pou pwodiksyon siwo myèl, pwochen leson an ap: Kijan pou konstwi yon vwal, ou mete vwal la lè wap travay bò kote myèl yo pou pwotejew pou yo pa pikew.

Konsèy sekirité:

  1. Toujou mete ekipman sekirité apwopriye, tankou linèt sekirité clike LYEN SAA pou wè plizyè linèt sekirite ak gan lè wap koupe ak rasanble materyèl yo.
  2. Sevi ak zouti apwopriye pou koupe é fikse materyèl yo, epi swiv direksyon sekirite pou chak zouti.

Remark: Gid senplifye sa a asimé ké ou genyen konesans de baz nan travay bwa. Si ou pa abitye travay ak bwa, li rekomande pou chache konsèy nan men yon moun ki genyen konesans nan travay bwa pou asire sekirite ak teknik konstriksyon apwopriye.

Nòt: ou kapab peye yon bos chapant oswa yon bos ebenis pou reyalize pwoje saa pou ou.

Siw gen kesyon pa blye kontakte nou

Si ou ta renmen vinn bòs  tèt ou pou pa janm travay ak mounn ankò clike sou imaj saa ki anbaa. 

 

Disclosure Statement for Affiliate Link:
Haiti myel participates in different affiliate marketing program such as: Amazon Services LLC Associates Program, Wealthy Affiliate etc. An affiliate advertising program designed to provide a means for sites to earn advertising fees by advertising and linking to a company’s product. This means that, at no additional cost to you, we may earn a small commission for qualifying purchases made through the affiliate links posted on haitimyel.com.
The affiliate links on haitimyel.com are provided as a convenience to you, and the presence of such links does not imply a responsibility for or endorsement of the linked website or product. We only recommend products or services that we believe will add value to our audience.
Please note that haitimyel.com has no control over the content or availability of the linked sites, and we are not responsible for any transactions, interactions, or disputes that may occur between you and the linked website.
By clicking on an affiliate link on haitimyel.com, you acknowledge and agree to the terms of this disclosure. Your support through these affiliate links helps us continue to provide valuable content and maintain the operation of our website.
If you have any questions or concerns about our use of affiliate links, please don’t hesitate to contact us at haitimyel@haitimyel.com.
Thank you for your support!
haitimyel.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

VOTE SEPTEMBER 3rd
Fred image
Elect Fred Fontaine

I am running for State Representative of District-11 In Brockton Massachusetts because I believe that every family and member of this community deserves to live in a place where everyone is welcome, valued, respected while simultaneously living a safe, happy, healthy, and prosperous life, irrespective of their background, place of birth, skin color, or their status.

Fred image
Fred image
For State Representative

Vote for Fred Fontaine and be part of the change that builds a brighter, safer, and more prosperous future for District-11!

Fred image
On September 3rd 2024

Your Voice, Our Future: Let’s Elect Fred Fontaine!

Fred image