Kenbe yon desen myèl san danje mande pou genyen kèk zouti esansyèl pou pwoteje ni apikiltè a ak myèl yo. Nan leson saa nou pral aprann ansanm kijan pou nou kenbe yon desen myel.
Zouti Nesesè pou kenbe yon desen myèl avèk siksè
1. Rad pwotektif:
Kostim apikòl oswa jakèt ak vwal: Pwoteje kò ou ak figi ou pou myèl pa pikew. Li enpòtan pou genyen yon kostim ki kouvri tout kòw ak yon vwal ki pwoteje figiw.
Nòt: ou kabab achte yon kostim sou lyen saa oswa aprann kijan pou fè yon vwal pou kont ou sou lyen saa.
2. Gan:
Gan epè: Bay pwoteksyon pou men ou pandan wap manyen myèl yo. Yo souvan itilize gan kwi, men kèk apikulteur prefere gan mens pou yo ka manevre pi byen.
Nòt: ou kapab achte yon gan an atandan nou moutrew kijan pou fè yon gan pou kont ou. (anpil apikilte pa itilize gan)
3. Smòkè pou kreye La fimen pou andomi myèl yo

La fimen an ede kalme myèl yo pou yo pa mòdew, sa fè yo vinn mwens agresif ak pi fasil pou jere myèl yo pandan pwosesis koleksyon desen myèl la, avèk sa wap bezwen yon smòkè pou bay la fimen.
Nòt: Ou ka achte yon smòkè an atandan nou moutrew kijan pou fè yon smòkè.
4. Bwòs mou pou myèl (bale mou pou myel)
Nap itilize yon bwòs mou: Pou bwos moun an nou ka itilize pay mayi, nou ka itilize fey bambou, fey mapou eksetera, eseye itilize fey ki genyen anpil sik pou fe bwos myel la

(bale myel la) pou ka atire myel Yo anplis kalme yo davantaj. Itilize bwos myel la pou bale myèl yo dousman dousman sou sifas oswa nan veso koleksyon an san ou pa grafouyen yo pandan wap bale a.
Nòt: Ou ka achte yon bwos (bale) an atandan poun moutrew fe younn
5. Resipyan pou Koleksyon yon desen myel:
Bwat pou desen myel la oswa yon veso: Se yon inite lojman tanporè kote ou ka kolekte myèl yo jiskaske ou transfere yo nan yon ruch pèmanan. Sa a kapab yon bwat katon, yon pèlen pou desen myel ki fèt espesyalman pou kenbe desen myel, oswa nenpòt lòt veso apwopriye.
Ekzanp yon pèlen myel kapab: Yon bwat kouvay ki genyen anba atache ladanl epi ou itilize kouvèti deyò a lè wap transpòtel. Yon pèlen myel kapab tou yon panye tèt anba koke nan jaden an

epi tann myel yo vinn abite. Nan ka saa ou sèlman dekoke pèlen an epi al soukel nan ruch la.
Nòt: siw ta renmen achte yon bwat koleksyon ki tou fèt ou ka fè nou konnen epi nap ka dirijew pou achte younn ki siperiè.
6. Echèl oswa echafodaj:
Tou depan de kote desen myèl la gwoupe, ou ka bezwen yon echèl oswa echafodaj pou rive nan otè a pou ka kolekte li an sekirite.
Ou ka achte yon echèl oswa prete younn
7. Yon boutèy ki ka flite dlo (spray bottle)
Ranpli boutèy la ak dlo: Flite myèl yo trè lejè ak dlo a, sa ap fè myèl yo pi lou epi kalme yo pandan pwosesis koleksyon an.
Ou ka achte yon boutey pou flite dlo sou yo, saa se yon opsyon pou si ou pata genyen yon smòkè.
8. Kit pou Premye Swen:
Li toujou bon pou gen yon kit premye swen nan menw pou si yon myèl ta pikew, oswa nenpot lòt aksidan.
Sonje byen, sekirite ta dwe toujou pi gwo priyorite lè wap travay ak myèl. Li esansyèl pou genyen bon fòmasyon ak konesans anvan ou eseye trape yon desen myèl. Siw pa sèten oswa ou pa gen eksperyans, konsidere chèche konsèy oswa asistans nan men yon lòt apikiltè ki gen eksperyans deja.
Ou ka achte yon kit premye swen pou sekiritew
Ki jan pou prepare anviwònman an pou kapte yon desen myèl avèk siksè e san danje
1. Evalye sitiyasyon an:
Anvanw apwoche desen myel la, pran yon ti moman pou evalye sitiyasyon an. Detèmine gwosè desen myel la, ki jan li gwoupe, epi si gen nenpòt obstak oswa danje ki tou prè myel la anvan ou koumanse operasyon an.
2. Ekipman Pwotektif:
Mete kostim myèl ou, gan, ak lòt ekipman pwoteksyon pou pwoteje tèt ou kont pikan myèl. Asire ke tout ouvèti yo byen tache pou anpeche myèl antre anndan kostim ou.
3. Smòkè pou kalme myèl yo
Sèvi ak yon smokè pou kreye la fimen pou kalme myèl yo: La fimen an maske alam pheromone ke myèl sentinèl yo kap veye ruch la konn lage pou alète lòt myèl yo lè ruch la an danje.
Avèk sa la fimen an bloke kominikasyon myel yo ki fè mesaj paka pase pou kominike ak lòt myèl yo pou di yo ke ruch la an danje, kidonk myèl yo rete kalm. (pi devan na pale plis de kijan pheromone manifeste nan èt imen e animal) oswa ou ka poze kesyon.
Sous la fimen an
Gaz: Konbistib yo plis itilize yo gen ladan, Fey bwapen (zegwi bwapen), kakas bwa tankou ti kakas bwa ebenis yo finn travay, katon, fèy sèch, oswa twal san trete, an ayiti mounn yo itilize kaka bèf pou fè lafimen. Materyèl sa yo ta dwe pwodui yon lafimen fre, blan olye ke yon flanm dife cho.
Limen smòkè a: Wap itilize alimèt oswa yon brikè pou limen gaz nan smòkè a. Li enpòtan pou asire ke sous dife a pa gen danje, pou anpeche aksidan.
Yon fwa ou limen gaz la, apikiltè a ap ponpe smòkè a san ajitasyon pou kreye koud fimè a, epi pou kenbe dife a limen, an menm tan pwodui yon kouran lafimen ki fiks.
Dirije lafimen sa a sou desen myèl wap kolekte a tout o zalantou myèl yo pou kalme yo anvan ou koumanse kolekte, oswa nan ruch la anvan ou koumanse fè enspeksyon, epi asire ke myèl yo kalme anvan ou koumanse travay.
Nòt: Pa blye soufle lafimen an dous e kalm tout o zalantou desen myel la pou ede dispèse myèl yo epi redwi agresyon.
4. Kolekte desen myèl la:
Aprè ou finn ba yo la fimen, apwoche desen myèl la avèk anpil atansyons epi konstate myèl yo kalme, epi dousman dousman bwose oswa souke myèl yo nan bwat myèl ou te prepare pou kenbe desen myel la. Pran pasyans epi evite fè mouvman tou-den-kou ki ta ka ajite myèl yo.
5. Sekirize myèl yo:
Yon fwa ou konstate ke ou kaptire majorite myèl yo epi tou ou asire ke ou kapte rèn nan, sekirize kouvèti a pou anpeche yo chape pandan transpò a.
6. Transpòte myèl yo:
Deplase desen myèl ou fèk kaptire a pou transpòtel nan nouvo kote myèl yo pral abite an pèmanans la ki se ruch la.,
Ke se yon ruch pèmanan oswa yon zòn ke ou pral kenbe myèl sa yo tanporè, asire ke ou okipe myèl yo epi pran swen yo pandan transpòtasyon an pou minimize estrès epi pou evite nenpòt lòt aksidan.
7. Siveye ak pran swen myèl yo:
Siveye ak pran swen myel yo aprè ou kaptire desen myèl la, kontwole myèl yo byen pou asire ke yo ap familyarize nan nouvo kay la (ruch) avèk siksè. Ba yo manje ak dlo jan sa nesesè, (apran kijan pou bay yon koloni manje sou lyen saa), epi prepare pou entèvni si gen nenpòt pwoblèm.
8. Netoye epi estoke ekipman yo san danje:
Yon fwa operasyon kaptaj desen myel la fini, byen netwaye epi estoke ekipman yo pou anpeche maladi epi asire ekipman yo pare pou itilize nan lavni.
Lèw swiv etap sa yo epi ou pran prekosyon ki nesesè sa yo, ou asire yon kaptaj avèk siksè epi san danje pou tèt ou ak myèl yo.
Lòt mwayen pou pwosede yon desen myèl
Ou kapab achte yon desen myèl nan men yon apikiltè, avèk sa ou pap bezwen nan chèche myèl oswa tann pèlen pou kenbe myèl.
Desen myel saa wap achte a yo relel Nucleus colony (Nuc), nucleus colony an vini ak 5 oswa 6 kads.
Pi devan nap moutrew an detay kijan pou prepare yon nucleus colony pou multiplye ruch ou genyen an.
***Pa blye kreye kont ou sou Haiti Myèl***
Okay, weatistheph90… the name’s a mouthful! But what IS it? Anyone got the lowdown? Lay it on me!
Just won a bunch of money on PH898! Maybe you should check it out. Some of the games are crazy easy to win! get in on that action! here the site: ph898
Feeling lucky? I gave lucky888game a shot and I wasn’t disappointed. Good bonuses and a solid range of games. Worth a look if you’re chasing that big win. Find your fortune at lucky888game
Heya i am for the first time here. I found this board and I in finding It truly helpful & it helped me out a lot. I am hoping to give something back and aid others like you aided me.
I’ll right away grab your rss as I can not find your e-mail subscription link or e-newsletter service. Do you’ve any? Kindly let me recognize in order that I may just subscribe. Thanks.
Hello i am kavin, its my first time to commenting anywhere, when i read this post i thought i could also make comment due to this good article.
I enjoy what you guys are usually up too. Such clever work and exposure! Keep up the excellent works guys I’ve added you guys to my own blogroll.
MX711casino? Heard their ad. Let me try! You also should try it! Then we can exchange tips together at mx711casino.
Spinomx, sounds interesting! That’s a good name, hope they have a vast spin field. If you want more spin on your life, just come tospinomx.
Hey, I played the numbers, and now I´m here to speak about 51gamelottery! Nothing mind-blowing, but worth a look. I’d say give it a shot to find your lucky number here: 51gamelottery
Thank you for some other informative web site. Where else could I get that kind of info written in such an ideal manner? I have a challenge that I’m just now working on, and I’ve been on the look out for such info.
Ahaa, its pleasant discussion concerning this article here at this blog, I have read all that, so at this time me also commenting at this place.
Rummy777App is what it is. It gets the job done. Don’t expect too much fancy stuff, just straight up rummy. Get it here if you like: rummy777app
Hey guys, tried GoGoRummyBet the other day. Not bad, actually! Smooth interface and the games run really well. Anyone else had a go? Check it out here: gogorummybet
The 51logingame login process is simple which is refreshing. Sometimes these logins can be a real pain. Check ’em out : 51logingame
I simply could not depart your website before suggesting that I extremely loved the usual information a person supply in your visitors? Is gonna be back ceaselessly to check out new posts
WinWinCasino Zambia, interesting! Always keen to see what’s happening across the border. Check this out: winwincasinozambia
Alright gamers, 3lgame’s got some pretty cool games, some of the games are pretty addicting. It’s all good. Check it out! : 3lgame