Konstriksyon yon vwal myèl se yon pwojè brikolè (DIY) ki pi fasil konpare ak si ou tap kreye yon kostim apikol an antye. Sepandan, li enpòtan pou priyorize sekiritew, avèk sa vwal la ta dwe konstwi ak materyèl ki bay bon vizibilite ak pwoteksyon pou myèl pa pikew.

Ou kapab achte yon kostim apikòl antye si ou vle gen plis konfyans ak pwoteksyon. Pi devan nap moutre ou ki kote ou ka jwenn yon kostim an antye.

Kisa ki yon vwal myèl

Yon vwal myèl se yon kouvèti ki fèt a twal ki gen visibilite e ki an menm tan kreye vantilasyon pou kapab respire pandan ou mete vwal la. Yo sèvi avèl nan apikilti kòm pwoteksyon pou kouvri tèt ou ak figiw lè wap travay nan ruch myèl pou myel yo pa pikew.
Pi souvan ou jwen apikiltè ki itilize yon kostim konplè poul asire tout pwoteksyon pou myèl pa pike yo.

Men yon gid senp nou prepare nan Haiti myèl sou fason pou fè yon vwal myèl debaz: Not: vwal de baz saa pa pwoteje tout kòw, ki donk fòk ou asire ke ou abye apwoprye pou sèvi ak yon vwal.

Abiman apwoprye pou mete lè wap sèvi a yon vwal:

-Chemise manch long boutonen jis nan kou ak yon mayo anbal

-Pantalon pye long ki pou kouvri tout janm ou

-Soulye oswa bòt fèmen pou kouvri do pyew.

-Gan pou pwoteje menw

Materyèl ki nesesè:

Materyel pou vwal

A. Twal epè
B. Twal an may (mesh fabric) (nylon oswa lòt materyèl ki ka anpeche ensèk pikew)

C. Tep pou mezire

D. Chapo an pay

E. Sizo

F. Elastik

G. Machin a koud oswa ou ka koud li ala men

Pran Mezi Chapo a

  1. Meziré sikonférans chapo-a

sikonferans chapo

2. Divizé sikonferans chapo a pa 2 épi ajouté 2″ sou li.

Ex: Si sikonférans chapo-a mesiré 24″ – lèw divizél pa 2 lap bòw 12″

wap ajouté 2″ sou li ki = 14″ — kounye a ou vinn genyen 2 mwatye 14″ (pous) ki egal a 28″. (pa blye chif sa yo se chif imajinè yo ye, chif paw la pral depan de grosè chapo ou utilize, a leksepsyon de 2″ la ki systematik, paske se twal ekstra pou ka jwenn ase twal pou koud vwal la).

mwatye sikonferans chapo

  1. Wap koupé yon moso twal épè ki égal a 14″ laj x 24″ long
  2. Repeté niméro 3 pou twal vwal la (twal a trou-a oswa twal nylon nan oswa twal an may la)
  3. Koud twal epè a nan arebò dèyè chapo a, (mwatye sikonferans la).
  4. Repete nimero 5 pou twal an may la ki se devan chapo a
  5. Wap koud 2 soukote yo soti nan chapo a pou rive 2″ (pous) depase epòl yo
  6. Itilize 1/2″ – 3/4″ pou koud elastik la nan 2 sou kote yo epi koud elastik ki anba deyè a, an swit koud elastik ki anba devan an.
  7. Ou vinn genyen 4 ekstremite (pwent), wap atache yon moso twal oswa yon fisèl ki mezire 5″ (pous) long nan chak pwent sa yo.

Kijan pou sèvi a vwal la

Lè wap sèvi a vwal la, wap mete chapo a nan tèt ou, wap rale vwal la desann pou 2 soukote yo chita sou epòl ou epi wap mare 2 kòd ki nan chak soukote yo. Nòt: asire ke ou mezire vwal la e ke tout arebò elastik yo byen fèmen anvan ou al ekspozew sou myèl yo
Toujou sonje ke sekirite yon vwal myèl depann sou kalite materyèl ou itilize ak kijan ou konstwi li. Si ou pa gen konfyans nan kapasite w pou kreye yon vwal myèl ki an sekirite, li rekòmande pou achte youn ki fèt pwofesyonèlman pou asire sekirite w lè w ap travay ak myèl. Pou achte yon kostim apikòl ki tou fèt ou ka ale sou lyen saa.

 Si ou ta renmen vinn bòs  tèt ou pou pa janm travay ak mounn ankò clike sou lyen saa. 

Disclosure Statement for Affiliate Link:
Haiti myel participates in different affiliate marketing program such as: Amazon Services LLC Associates Program, Wealthy Affiliate etc. An affiliate advertising program designed to provide a means for sites to earn advertising fees by advertising and linking to a company’s product. This means that, at no additional cost to you, we may earn a small commission for qualifying purchases made through the affiliate links posted on haitimyel.com.
The affiliate links on haitimyel.com are provided as a convenience to you, and the presence of such links does not imply a responsibility for or endorsement of the linked website or product. We only recommend products or services that we believe will add value to our audience.
Please note that haitimyel.com has no control over the content or availability of the linked sites, and we are not responsible for any transactions, interactions, or disputes that may occur between you and the linked website.
By clicking on an affiliate link on haitimyel.com, you acknowledge and agree to the terms of this disclosure. Your support through these affiliate links helps us continue to provide valuable content and maintain the operation of our website.
If you have any questions or concerns about our use of affiliate links, please don’t hesitate to contact us at haitimyel@haitimyel.com.
Thank you for your support!
haitimyel.com


		
			

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *