Myel Viv an koloni nan ruche, koloni yan genyen yon Rèn (Queen) kelké Gaçon Dwòn (Drones) ak anpil Travayèz ki se fanm (worker bee).

Ruche myel kabab nenpòt kote ki fè nwa, ki pa twò frèt ni pa trò cho epi kote fòs van pap bat yo twòp, avèk sa li preferab pou myel viv nan trou ki nan:

Pie bwa, nan roch, nan cave, nan treto kay, anba galeri, kote ki genyen fè ki okside. Chak grenn mièl gen yon okipasyiòn nan koloni yan!

        Vi Rèn (Queen’s Life)

Haiti Myel Queen Bee

Rèn nan pi long ke tout lot

yo seli ki dirijé colonn nan epi paka genyen lòt rèn nan colonn nan.

Si ta genyen yon lòt rèn antre nan collonn nan yap goumen pou jis kaske younn mouri.

Nan langaj nou, nou di 2 granmounn pa rete ansanm, se men jan-an kolonn myel aji.

Manzè la rèn ka ponn jiska 3,000 ze pa jou.

Faktè | Fact: kantite ze rèn nan ponn pa jou pi lou pase rèn nan.

Rèn nan manje Wàyàl Jele (Royal Jelly) sèlmam, wàyàl jele ya ke yo rele lèt myel la, li sanble ak kaka nen ki gen koulè blanch.

Plis ke mwatie (50%) sak ladan, se dlo epi rès la se yon konbinazon pwotin ak sik.

Wàyàl jele ya se yon sekresyon ki rich an pwotin ki sòti nan yon glann ki nan tèt jèn travayèz yo. travayèz yo manje wàyàl jele ya lè yo fèk fèt pou 2 a 3 jou selman pandan yap kouve, aprè sa se rèn nan sèlman yo bay manjel.

 Kijan Dwòn Viv | How Do Drone Lives

   

Dwòn nan se yon gaçon se li ki pi kout nan kolonn nan, ròl yo se fè bagay ak yon rèn ki poko fètilize, men se yon sèl fwa yon rèn bezwen fè bagay pou li fètilize, avèk sa pifò dwòn pagen chans pou ranpli ròl yo,.

Travayèz yo kenbe dwòn yo nan kay la pou si yo ta gen ijans pou kwaze yon rèn, paske dwòn yo pa konn fè siro myel epi yo pa konn pike non plis. Depi misié finn fè bagay (sex) li mouri, é se li ki pou fè bagay ak rèn , pou rèn nan ka vinn fètil. Tèt chajé… 

Souvan travayèz mete dwòn yo deyò nan ruch la lè pa gen anpil flè pou kolekte nekta ak polèn (pagen ase manje) epi ou konnen nèg yo manje anpil medam yo mete dwòn yo deyò epi yo mouri grangou.

    Vi travayèz yo

Travayèz yo se fanm, yo sanble ak rèn nan men kò yo pi kout ke rèn nan. Se yo menm ki al chèche nekta ak polèn pou yo nouri Ruch la ak fè sirop pou nouri tèt yo epi fè tout lòt travay ki pi di yo, pou kenbe kolonn nan anvi.

Anpil ladan yo mouri nan al nan vwayaj, sak fè aksidan, gen ladan yo se zwazo ki manje yo pandan yo nan vwayaj.

Se nan siro sa yo nou pran lè genyen yon kantite ki ase elve nan ruch laa. Se pou toujou kite siro nan ruch la pou myel yo manje, paske se de siro wa yo viv, aprè sa yap mouri si yo pa jwenn manje pou yo manje.

Note: pi devan nap di ki kantite siro pou pran epi ki kantite pou kite nan ruch la.

Travayèz yo manje pen myel, ki se yon melanj nekta ak polèn yo prepare, manje saa bayo fòs sitou lè yap vwayaje lwen pou yal chèche engredian pou yo fè siro.

Yo joué tout kalité ròl,Yo genyen solda ki pou kampé devan pòt antré-a pou lot insek pa anvayi ruch la vòlè siro yo. Yo genyen Phamasyien, enjéniè, voyajè etc. yo trè byen òganize.

Eske Myel Konn Fè van | Do Bees Fart?

Wi myel konn fè pete. Myel manje pwotin e fok li dijere pwotin nan, ki donk si myel genyen dijestif sistèm sèke yo ka pase gaz tou.

Ki Sant Pete Myel Genyen | what Does A Bee Fart Smells Like?

Ki Sant Myel Genyen | What Does A Bee Smell Like?

An jeneral nou ka konpare strikti yon kolonn myel ak strikti yon lame, pa gen trò gro diferans.

Nap pale plis sou Nekta, Polèn, Pròpolis ak lòt ankò pi devan paske nou bezwen avanse ak konstriksyon bwàt yo epi kijan pou nou kenbe myel pou ka koumanse pase ak ekzekisyon projè ya.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

VOTE SEPTEMBER 3rd
Fred image
Elect Fred Fontaine

I am running for State Representative of District-11 In Brockton Massachusetts because I believe that every family and member of this community deserves to live in a place where everyone is welcome, valued, respected while simultaneously living a safe, happy, healthy, and prosperous life, irrespective of their background, place of birth, skin color, or their status.

Fred image
Fred image
For State Representative

Vote for Fred Fontaine and be part of the change that builds a brighter, safer, and more prosperous future for District-11!

Fred image
On September 3rd 2024

Your Voice, Our Future: Let’s Elect Fred Fontaine!

Fred image