Kisa ki siwo myel? Siwo myel se yon siwo ke Abèy pwodwi men an Haiti majorite mounn rele abèy la myel tou, epi yo rele siwo-a siwo-myel. Myel la ekri avèk aksan grav (myèl), men nou pap itilize aksan grav la pou pèmèt sit la gen pi bon repons.

Kisa Ki Abèy

Abèy se yon ensèk volaj ki kolekte nèktà ak polèn pou yo manje ak fè siro (myel). Abèy fè pati fanmi yon group ensèk ki rele Apidae ki genyen pou pi piti 5700 espès nan group saa. Se pa tout ensèk nan group Apidae-a ki konn fè siwo e genyen nan yo ki pike, genyen ki pa pike.

Ekzamp: Gèp se yon ensèk ki fè pati fanmi Apidae, gèp pa konn fè siwo epi gèp konn pike, se menm jan-an ou jwenn myel ki konn fè siwo ki pike e osi myel ki konn fè siwo ki pa pike.

Kisa ki Nektà

Nektà se yon likid sikre ke plant pwodwi, espesyalman nan flè pou ankouraje fekondasyon (polination) pa ensèk ak lòt bèt tankou Manga Nègès ki se yon ekselan polinatè. Myel kolekte likid sikre saa melanjel ak polèn pou yo fè siro myel.

Kisa ki polèn

Polèn se yon sibstans poud ki pwodwi pa plant ki fè ti grenn piti piti. yo genyen grenn polèn (mikwogametofit Haiti myelki trè piti), ki pwodwi gamèt gason (selil espèm).

Grenn polèn nan gen yon kouvèti di sou li ki fèt ak sporopollenin ki pwoteje gametofit yo pandan pwosesis chanjman soti nan etamin pou rive nan pistil yo, oswa soti nan pozisyon gason pou rive nan pozisyon fanm nan jimnospèm yo.

Si polèn nan ateri sou yon pistil konpatib oswa yon pozisyon fanm konpatib, li otomatikamn jèmen, pwodwi yon tib polèn ki transfere espèm nan nan ovil ki gen gametofit fanm nan.

Se konsa myel la pran polèn nan flè gason an li transferel nan flè fanm nan…nap bay plis detay sou polinasyon nan yon lòt ribrik. Note: se avèk polèn nan travayè yo nouri rèn (queen) kolon nan.

Epi nap itilize Myel pou non ensèk la olie nou itilize Abèy, poun ka reflete pifò mounn ke nou bezwen Haiti Myel rive sou yo-a.

Pi devan nap genyen plis ide de myel ki konn pike ak myel ki pa konn pike yo, e an plis benefis yo pote pou la nati.

Kreol:                  Myèl
Français
:             Miel  
Kreol
:                  Abèy
Français:             Abeille
Anglè
:                 Bee
Haiti myel

Kèlke espès myel


Nan Haiti Myel, nap konsantre plis nan myel domestik yo, paske yo pi facil pou adapte a diferan klima, yo
pwodwi plis siwo epi yo trè bon nan polinasyon, nou konen polinasyon trè bon pou anvironman-an.
Haiti myel Image
Myel Italyen se premye kalite ki te enpòte nan Amerik di nò, sa te fèt nan dizwityèm syèk epi yo rete trè popilè kantaprezan.

Nou ka wè nan myel domestik yo mwen poste kat (4) ki se: Italian (Italyen), Russian (Ris), Carniolan (Kanolyen) ak Africanized, (Afriken) men an Haiti nou plis genyen myel “Lò italyen” yan (Golden Italian); myel “Italyen coulè cuiv” la, (Copper-Colored Italians) epi Ibrid Nwa (Black Hibrid)

Myel Italyen (Italian Bees)

Myel Italyen an ( Italian Honeybees) (Apis mellifera ligustica) se te premye myel domestik yo mennen nan Amerik di nò. Yo trè dou epi yo epapiye toupatou, yo adapte a diferan klima. Kò yo genyen bandwòl jòn-mawon ak nwa-mawon.
Yo repwodwi vit epi yo kembe yon gro desen myel pandan sezon Ivè. Dezavantaj la sè ke yo bezwen plis manje pou siviv pandan sezon ki pa gen flè pou yo fè siwo.

Myel Carnyolen (Carniolan Bees)

Myel Carniolan yo pi souvan rele yo myel nwa akòz koulè nwa ki nan vant yo.
Myel Carniolan (Carniolan Honeybees) (Apis mellifera carnica) se younn nan chwa ki pi popilè pou apikiltè. Se myel dou yo ye epi yo trè rezistan a ensèk nwizib.

Yo adapte popilasyon yo depann de kantite nèkta ki disponib, espesyalman nan sezon ki genyen mwens flè pou vizite, gen mwens myel nan nich la. Sa vle di yo kenbe yon kolon ki trè piti pandan sezon ki pa gen anpil flè ou byen ki pa gen flè ditou pou yo fè siwo.
Yo gen preske menm grosè ak myel italyen yan, men yo plis gen yon koulè gri. Yo fè byen nan zòn ki pa twò cho.

Myel Ris ( Russian Bees)

Myel Ris la yo elvel nan Kanada akòz li renmen fredi epi rezistans li nan varroa ak lòt maladi.
Myel Ris yo, yo konen yo plis pou rezistans yo nan maladi ak bèt tankou varroa epi yo gen bon rezistans nan sezon fredi. Premye kote yo te mennen yo se te Kanada an 2000.

Yo dou epi yo trè bon nan kolekte nèkta. Ti pwoblèm pa yo menm sè ke yo renmen swarm.

Kisa ki swarm nan (swòm)?
Swòmin se lè pa gen ase plas nan bwat myel la pou myel yo viv, Queen (Rèn) ki nan kay la pran yon desin myel avèk li yo pati. Pi souvan yal rete nan yon pie bwa ki pa trò lwen de kote yo soti ya ou byen kelke swa kote yo santi yo an sekirite, pou jiskaske yo jwenn yon lòt kay pamanan pou yo rete.

Myel Afriken (Africanized Bees)

Si se pat pou grosè li ki yon ti kras pi gro ou patap ka fè diferans li avèk lòt myel ki soti nan fanmi Apis mellifera-a.
Myel Afriken (Apis mellifera scutella), pafwa yo rele li myel asasen, yo konen li kom myel ki gen gro san, li fache fasil epi li trè defansif pa rapò ak lòt myel yo.
Yo pwodwi anpil siwomyel epi yo gen bon rezistans nan maladie, selman yo renmen swòm anpil.

Sa nou te pale nan atik saa

Siw ta genyen plis konesans nan sektè saa pa neglije pataje konesans ou.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

VOTE SEPTEMBER 3rd
Fred image
Elect Fred Fontaine

I am running for State Representative of District-11 In Brockton Massachusetts because I believe that every family and member of this community deserves to live in a place where everyone is welcome, valued, respected while simultaneously living a safe, happy, healthy, and prosperous life, irrespective of their background, place of birth, skin color, or their status.

Fred image
Fred image
For State Representative

Vote for Fred Fontaine and be part of the change that builds a brighter, safer, and more prosperous future for District-11!

Fred image
On September 3rd 2024

Your Voice, Our Future: Let’s Elect Fred Fontaine!

Fred image