Nan lesson saa nou pral aprann ansanm kijan pou nou fè konstriksyon kouvèti anndan ki sou tèt ruch la.

kouveti anndan plafon

Yon kouvèti enteryè pou yon ruch langstroth se yon eleman enpòtan ki ede kontwole tanperati, imidite ak vantilasyon nan ruch la. Li sèvi tou kom yon baryè ant ko ruch la ak kouvèti deyo a.

Ann detaye ansanm kijan pou konstwi kouveti saa.

Espesfikasyon

kouveti anndan

Epesè bwa nap itilizé pou ankadreman kouvèti ya: 3/4″

Dimansyon jeneral ki aliyen ak dimansyon bwat kouvay la:

kouveti anndan

Longè: 19 7/8″ kote ki pi long nan

Lajè: 16 1/4″ kote ki pi kout la

Etap pou konstriksyon an

Chwazy yon materyeèl apwopriye ak yon epesè 3/4″ bwa preferé nou nan Haiti myèl se bwa pen oswa bwa sèd men ou kapab itilize plywood si ou vlé.

J: Kote ki pi kout la (lajè): Koupe 2 moso bwa pou rive a yon dimansyon 3/4 X 16 1/4 X 1 1/2″

K: Kote ki pi long nan (longè): Koupe 2 moso bwa pou rive a yon dimansyon 3/4 X 19 7/8″ X 1 1/2″

L: Plafon kouvèti ya : 1 moso plywoud 1/4 X 19 X 16 1/4″

Kounye ya ou sipoze genyen 4 moso bwa ak 1 moso plywoud

kouveti anndan

kouveti anndan

Vantilasyon

Nan mitan plafon kouveti anndan ruch la, wap koupe yon ouvèti won oswa rektangilè pou vantilasyon an. Ouveti saa pèmèt myèl yo jwenn aksè nan pòsyon anwo ruch la.

Enpotans vantilasyon an

Vantilasyon an pèmèt lè fre antre soti nan ruch la avèk sa pap genyen akimilasyon imidite, Imidite se yon pwazon pou ruch la, lè do kay la pran chalè pandan la jounen, chalè saa absobe anndan ruch la espesyalman ozalantou anwo ruch la.

Lè chalè saa pa jwenn kote poul degaje, epi vinn fè frèt nan la sware li kreye yon “frontal kwense” anndan sou tèt ruch la. Frontal kwense saa kreye yon swè tankou lawouze granm-maten sou tèt anndan ruch la.

La rouze saa vinn ap tonbe jiskaske li rive nan bwat kouvay la, sou koloni an, sou faktori siwo ke koloni an deja pwodwi e sa ki an kou, ki donk ou ka pèdi tout koloni yan siw pa asire vantilasyon saa fonksyone nomal. ki se kouvèti andedan-an.

Ouvèti 1

Wap fouye yon ouvèti nan mitan plafon an, grosè ouvèti saa meziré 3″ ou ka fèl won oswa rektangilè, li chita nan mitan plafon an, ou kapab ajoute yon tule sou trou saa pou plis proteksyon, selman asire trou ki nan tule saa pa mezire pou pi plis ou pi piti ke 3/8″

Ouveti 2

Wap koupe yon moso sou kote ki pi kout ki gade devan ruch la ou byen sou kote ruch la ki mezire: 5/8″ pwofondè x 3/4″ lajè, ki rive ekzkteman nan plafon an, piga ou koupe nan plafon an. distans 5/8 la se distans ant plafon an ak kote ou koumanse koupe nan ankadreman-an.

Dado

Dado wa se fant ki fouye nan pati ki pi kout yo pou pèmèt plafon an rete solid sou tèt ruch la /kad yo, epi li pemet le wap fe enspeksyon e le wap rekolte siro li pa kraze apre myel yo sil fant yo ak sil paske ou genyen sipo bwa di sa yo ki se ankadreman ki sipote plafon an.

Wap fouye yon dado nan 2 kote ki pi kout yo ki mezire 1/4″ lajè X 3/8″ pwofondè .

nou poko pale de kad yo ki se dènye pati nan konstrksyon ruch la e ki se yon pati esansyèl nan ruch la, paske se sou kad la pwodiksyon siro yo fèt”.

Rasanble moso yo pou fòme yon rektang, gade ekzanp nan imaj yo, itilize lakol pou bwa, vis oswa klou pou taché yo.

kouveti anndan

Two (3) mwayen pou genyen yon ruch:

  1. Fè ruch la pou kòw: wap telechaje enstriksyon yo epi swiv tout mach a swiv yo.
  2. Bòs Ebenis oswa bòs chapant: wap telechaje enstriksyon yo epi wap bay bòs ou chwazi ya pou fèl pou ou. Si ou ta vle sipòte yon fanmiw oswa yon zanmiw oswa ou vle fè yon don a yon mounn, pou ede li koumanse pwogram saa, printe tout leson yo epi bay yon bòs fèl pou li.
  3. Achte ruch la tou fèt: Si ou ta vle sipòte yon fanmiw oswa yon zanmiw oswa ou vle fè yon don a yon mounn, pou ede li koumanse pwogram saa ale sou lyen saa pou achte yon ruch komplè 

Konsèy sekirité:

  1. Toujou mete ekipman sekirité apwopriye, tankou linèt sekirité clike LYEN SAA pou wè plizyè linèt sekirite ak gan lè wap koupe ak rasanble materyèl yo.
  2. Sevi ak zouti apwopriye pou koupe é fikse materyèl yo, epi swiv direksyon sekirite pou chak zouti.

Remark: Gid senplifye sa a asimé ké ou genyen konesans de baz nan travay bwa. Si ou pa abitye travay ak bwa, li rekomande pou chache konsèy nan men yon moun ki genyen konesans nan travay bwa pou asire sekirite ak teknik konstriksyon apwopriye.

Nòt: ou kapab peye yon bos chapant oswa yon bos ebenis pou reyalize pwoje saa pou ou.

Siw gen kesyon pa blye kontakte nou

Disclosure Statement for Affiliate Link:
Haiti myel participates in different affiliate marketing program such as: Amazon Services LLC Associates Program, an affiliate advertising program designed to provide a means for sites to earn advertising fees by advertising and linking to a company’s product. This means that, at no additional cost to you, we may earn a small commission for qualifying purchases made through the affiliate links posted on haitimyel.com.
The affiliate links on haitimyel.com are provided as a convenience to you, and the presence of such links does not imply a responsibility for or endorsement of the linked website or product. We only recommend products or services that we believe will add value to our audience.
Please note that haitimyel.com has no control over the content or availability of the linked sites, and we are not responsible for any transactions, interactions, or disputes that may occur between you and the linked website.
By clicking on an affiliate link on haitimyel.com, you acknowledge and agree to the terms of this disclosure. Your support through these affiliate links helps us continue to provide valuable content and maintain the operation of our website.
If you have any questions or concerns about our use of affiliate links, please don’t hesitate to contact us at haitimyel@haitimyel.com.
Thank you for your support!
haitimyel.com

One Response

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

VOTE SEPTEMBER 3rd
Fred image
Elect Fred Fontaine

I am running for State Representative of District-11 In Brockton Massachusetts because I believe that every family and member of this community deserves to live in a place where everyone is welcome, valued, respected while simultaneously living a safe, happy, healthy, and prosperous life, irrespective of their background, place of birth, skin color, or their status.

Fred image
Fred image
For State Representative

Vote for Fred Fontaine and be part of the change that builds a brighter, safer, and more prosperous future for District-11!

Fred image
On September 3rd 2024

Your Voice, Our Future: Let’s Elect Fred Fontaine!

Fred image