Nan lesson saa nou pral aprann ansanm nan Haiti myèl kijan pou nou konstwi kouvèti deyò ki sou tèt ruch la ak tout kouvèti teleskopin la ki opsyonèl men ki enpotan. Bati yon kouvèti eksteryè pou yon ruch Langstroth enplike nan kreye yon konvèti pwoteksyon ki gen rezistans kont move tan ki kapab nwizib pou koloni yan.

Nan gid saa Haiti Myèl pral detaye pou nou kijan pou konstwi yon kouvèti eksteryè pou yon ruch Lansgtroth ki mezire 19 7/8 nan longè  e li mezire 16 1/4″  pous nan lajè epi yon kouvèti teleskopik pou dirije myèl yo e proteje ruch la.

Kouveti deyò-fonse

 

 

Kade kijan yon kouvèti teleskopin ye sou lyen saa lè li atache sou kouvèti deyò a.

Ann konfime dimansyon ruch langstroth nou an. Nan ka saa kouvèti ekstèn nan bezwen pi long e pi laj ke dimansyon bwat yo, menm jan si ou tap komparel ak yon do kay. Nan ka pa nou an se yon ruch a kouvay gran trou ke nap konstwi, dimansyon ruch gran trou a mezire: 18 7/8 X 16 1/4 X 9 5/8 pous.

Not: Lè se yon kovay gran trou ou genyen asire ke kote ou plase bwat kouvay lA se yon kote ki prèske pèmanan paske bwat kouvay gran trou a vinn lou anpil aprè myèl yo finn ranpli bwat la ak siwo, nan ka saa pou deplase bwat la wap bezwen plis ke 2 men pou level. Ki donk pou evite saa mete ruch lA nan plas ki prèske pèmanan oswa konstwi yon bwat mwayen oswa yon fon. Grosè yo repati konsa:

Bwat gran trou/Deep: 18 7/8 X 16 1/4 X 9 5/8

Bwat mwayen/Medium: 18 7/8 X 16 1/4 X 6 5/8

Bwat Fon/Shallow: 18 7/8 X 16 1/4 X 5 11 /16

Remak: Nou ka we ke nan dimansyon bwat yo se sèl otè ya ki chanje, longè ak lajè rete menm jan.

Dimansyon kouvèti deyò bwat ruch la

Espesfikasyon

Kouveti deyo excel

Epesè bwa nap itilizé pou ankadreman kouvèti ya: 3/4″

Dimansyon ki depase kouvèti bwat yo: 17 3/4″ lajè X 21 1/2″ longè

Longè: 21 1/2″ kote ki pi long nan, dimansyon saa pi long ke longè bwa yo, poul kapab depase kouvèti andedan-an.

Lajè: 17 3/4″ kote ki pi kout la, dimansyon saa pi laj ke lajè bwat yo, poul kapab depase kouvèti andedan-an.

Etap pou konstriksyon an

Chwazy yon materyèl apwopriye ak yon epesè 3/4″ bwa preferé nou nan Haiti myèl se bwa pen oswa bwa sèd men ou kapab itilize plywood sou do kay. Asire do kay la genyen yon ti pant sitou si ou pap itilize kouvèti teleskopik la pou pèmèt lè lapli tonbe dlo a fè chimenl.

N: Kote ki pi kout la (lajè): Koupe 2 moso bwa pou rive a yon dimansyon 3/4 X 17 3/4 X 1 1/2″

M: Kote ki pi long nan (longè): Koupe 2 moso bwa pou rive a yon dimansyon 3/4 X 21 1/2″ X 1 1/2″

O: Kouvèti deyò sou do kay la: 1 moso plywoud ki mezire: 3/4 X 21 1/2 X 17 3/4″ oswa koupe ase bwa ki genyen epèsè 3/4″ pou rive a dimansyon 21 1/2 X 17 3/4″, itilize lakòl pou bwa ak vis oswa klou pou sekirize kouvèti ya.

Kounye ya ou sipoze genyen 4 moso bwa pou soukote yo, 1 moso plywoud pou do kay la oswa si se bwa di wap koupe lap egal a kantite moso ou koupe pou rive a dimansyon kouveti deyò a.

Itilize lakol bwa, klou oswa vis epi Kole moso sou kote yo ansanm, lèw fini ajoute do kay la sou ankadreman-an, epi sekizel ak lakòl bwa ak vis oswa klou.

P: Kouvèti Teleskopin

Poukisa yon kouvèti teleskopin? kouvèti teleskopin la sèvi kòm proteksyon pou do kay la epi li gide myèl yo sou ruch la lè yo soti an vwayaj epi li sèvi kòm vantilatè pou ruch la.

Wap bezwen yon moso fèy tòl aliminyòm ki mezire 19 3/4 X 22 7/8 epi wap koube pwent yo, itilize klou gagit pou sekirize pwent yo.

Kouvèti deyò

kouveti deyon

 

kouveti deyo a sou bwat kouvay la

Aprè leson saa nou pral aprann ansanm kijan pou fè konstriksyon kad yo.

Konsèy sekirité:

  1. Toujou mete ekipman sekirité apwopriye, tankou linèt sekirité clike LYEN SAA pou wè plizyè linèt sekirite ak gan lè wap koupe ak rasanble materyèl yo.
  2. Sevi ak zouti apwopriye pou koupe é fikse materyèl yo, epi swiv direksyon sekirite pou chak zouti.

Remark: Gid senplifye sa a asimé ké ou genyen konesans de baz nan travay bwa. Si ou pa abitye travay ak bwa, li rekomande pou chache konsèy nan men yon moun ki genyen konesans nan travay bwa pou asire sekirite ak teknik konstriksyon apwopriye.

Nòt: ou kapab peye yon bos chapant oswa yon bos ebenis pou reyalize pwoje saa pou ou.

Siw gen kesyon pa blye kontakte nou

Sou lyen saa wap aprann kijan pou fè yon bisnis ki fè siksè sou entènèt la

 

Disclosure Statement for Affiliate Link:
Haiti myel participates in different affiliate marketing program such as: Amazon Services LLC Associates Program, an affiliate advertising program designed to provide a means for sites to earn advertising fees by advertising and linking to a company’s product. This means that, at no additional cost to you, we may earn a small commission for qualifying purchases made through the affiliate links posted on haitimyel.com.
The affiliate links on haitimyel.com are provided as a convenience to you, and the presence of such links does not imply a responsibility for or endorsement of the linked website or product. We only recommend products or services that we believe will add value to our audience.
Please note that haitimyel.com has no control over the content or availability of the linked sites, and we are not responsible for any transactions, interactions, or disputes that may occur between you and the linked website.
By clicking on an affiliate link on haitimyel.com, you acknowledge and agree to the terms of this disclosure. Your support through these affiliate links helps us continue to provide valuable content and maintain the operation of our website.
If you have any questions or concerns about our use of affiliate links, please don’t hesitate to contact us at haitimyel@haitimyel.com.
Thank you for your support!
haitimyel.com

One Response

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

VOTE SEPTEMBER 3rd
Fred image
Elect Fred Fontaine

I am running for State Representative of District-11 In Brockton Massachusetts because I believe that every family and member of this community deserves to live in a place where everyone is welcome, valued, respected while simultaneously living a safe, happy, healthy, and prosperous life, irrespective of their background, place of birth, skin color, or their status.

Fred image
Fred image
For State Representative

Vote for Fred Fontaine and be part of the change that builds a brighter, safer, and more prosperous future for District-11!

Fred image
On September 3rd 2024

Your Voice, Our Future: Let’s Elect Fred Fontaine!

Fred image