Pou genyen yon ruch konplè ou kapab itilize 2 mwenyen, sa pral depan de kantite siwo ou vle ruch la pwodwi, nan leson saa nou pral gade ansanm kijan pou aranje tou 2 fason sa yo.

Chanm Kouvay | Brood Chamber

Nou kapab remake ke chanm kouvay la ou byen chanm kouvay yo pi gro ke soupè a, rezon an se paske se la manzè la rèn abite avèk koloni yan, se la tou tout maji yo fet pou pwodwi siwo myel, ou kapab genyen yon chanm kouvay oswa 2 chanm kouvay.
Depi rèn nan rive nan matirite pou li koumanse ponn ze, li vole poul al rankontre avèk dròne ki se gason yo, yo rele vwayaj saa “vòl kwazman” (mating flight).
Lè rèn nan vole li pati li fè plizyè maryaj panadan li anlè ya, chak maryaj sa yo koute la vi yon gason paske chak rèn nan finn fè bagay avèk yon nèg (yon dròne), nèg la tou mouri,  avèk sa chak yon gason myèl fè bagay se yon susid.

Kijan pwosè saa fèt

Pandan manzè la rèn anlè ya li pran 10 a 40 minit pou tout pwosè ya, li fè bagay avèk 5 a 19 gason, chak gason li rankontre li fè yon ti ra lanti epi gason an moute sou li, kou gason an finn ejakile li mouri, pwochen gason ki vini yan se menm penpenp lan.
Ah ou konnen nèg yo konnen yo pral mouri ah mpa kache diw yo fè tout sa yo konen pou yo byen pase nan yon sèl plon an. riiiiiiiiiiiiii…

Aprè vòl kwazman an

Aprè manzè la rèn finn byen plen pip li, li retounen nan chanm kouvay la epi li koumanse kale ze, depi rèn nan finn fètilize pandan vwayaj de kwazman an li pa bezwen fè bagay ankò epi li pa janm kite chanm kouvay la, sof si yon swòm vinn fèt, si ta Gen yon swòm, travayez ki rete yo kreye yon lòt rèn tou swit pou ruch la.

Soupè/Super

Kisa ki yon soupè siwo myèl? Yon soupè siwo myèl se yon bwat detachab oswa yon seksyon nan yon ruch ke yo itilize nan apikòl. Li plase anlè chanm kouvay la, li fèt espesyalman pou ankouraje myèl yo estoke ekstra siwo myèl.
Apikiltè yo ajoute soupè siwo myèl yo pou kolekte ekstra siwo ke myèl yo estoke. Soupè sa yo an jeneral gen ankadreman ak fil oswa fondasyon plastik tankou tout lòt kad yo (frame), se la myèl yo sere ekstra siwo epi bouche yo avèk wax.
Depi yo finn bouche siwo a avèk wax la siwo a pap janm gate. Se siwo myel saa apikiltè yo rekòlte san yo pa deranje siwo ki nan kouvay la. Sa fè ke yon soupé se yon eleman enpòtan nan pwodiksyon siwo myèl nan apikol modèn.

Kijan pou fè yon soupè?

Pou fè yon soupè wap retire 3″ (pous) nan otè kouvay la, ki donk otè kouvay la se: 9 5/8″ (pous), otè soupè a ap 6 5/8″ (pous). Epi wap fè menm jan an pou kad la.

Ruch ak yon sèl kouvay plis 2 soupè ou byen plis

Con (mwens myel nan koloni an) = mwens pwodiksyon siwo myèl--Pro li pi fasil pou enspekte
Single brood hive

Rezon ki fè soupè ya pi piti

Soupè ya pi piti paske se ladann pou rekòlte siwo, anpil fwa li mande pou leve bwat soupè a pandan li plen ak siwo, kalkile aprè 10 kad finn plen a siwo, lap peze nenpòt 50 liv (lbs) ki donk lap difisil pou leve soupè a si ou fèl menm grosè ak kouvay la.
Nòt: ou ka ajoute kantite soupè ou vle depi ou ka rive nan otè li ye a pou enspekte ak lè wap rekòlte, espesyalman si koloni yan pwodwi anpil, avèk sa ou bay myèl plas ekstra pou konsève siwo..

Ruch ak 2 kouvay plis 2 soupè ou byen plis

Con (pi difisil pou enspekte koloni an) = pi fasil pou koloni an enfekte avèk lot ensèk--Pro (li pwodwi anpil siwo)= plis $$$

Double brood hive
Nou kapab remake yon ruch a 2 kouvay  genyen plis espas pou myel yo abite, avek sa koloni an pi gro epi li pwodwi plis siwo myel, tout otan wap ajoute soupè se plis espas ou kreye pou myel yo sere siwo.

Twa (3) mwayen pou genyen yon ruch:

  1. Fè ruch la pou kòw: wap telechaje enstriksyon yo epi swiv tout mach a swiv yo.
  2. Bòs Ebenis oswa bòs chapant: wap telechaje enstriksyon yo epi wap bay bòs ou chwazi ya pou fèl pou ou. Si ou ta vle sipòte yon fanmiw oswa yon zanmiw oswa ou vle fè yon don a yon mounn, pou ede li koumanse bisnis saa, printe tout leson yo epi bay yon bòs fèl pou li.
  3. Achte ruch la tou fèt: Si ou ta vle sipòte yon fanmiw oswa yon zanmiw oswa ou vle fè yon don a yon mounn, pou ede li koumanse bisnis saa, ale sou lyen saa pou achte yon ruch komplè 

Konsèy sekirité:

  1. Toujou mete ekipman sekirité apwopriye, tankou linèt sekirité clike LYEN SAA pou wè plizyè linèt sekirite ak gan lè wap koupe ak rasanble materyèl yo.
  2. Sevi ak zouti apwopriye pou koupe é fikse materyèl yo, epi swiv direksyon sekirite pou chak zouti.

Remark: Gid senplifye sa a asimé ké ou genyen konesans de baz nan travay bwa. Si ou pa abitye travay ak bwa, li rekomande pou chache konsèy nan men yon moun ki genyen konesans nan travay bwa pou asire sekirite ak teknik konstriksyon apwopriye.

Nòt: ou kapab peye yon bos chapant oswa yon bos ebenis pou reyalize pwoje saa pou ou.

Siw gen kesyon pa blye kontakte nou

Si ou ta renmen vinn bòs  tèt ou pou pa janm travay ak mounn ankò clike sou imaj saa ki anbaa pou plis detay 

 

Disclosure Statement for Affiliate Link:
Haiti myel participates in different affiliate marketing program such as: Amazon Services LLC Associates Program, Wealthy Affiliate etc. An affiliate advertising program designed to provide a means for sites to earn advertising fees by advertising and linking to a company’s product. This means that, at no additional cost to you, we may earn a small commission for qualifying purchases made through the affiliate links posted on haitimyel.com.
The affiliate links on haitimyel.com are provided as a convenience to you, and the presence of such links does not imply a responsibility for or endorsement of the linked website or product. We only recommend products or services that we believe will add value to our audience.
Please note that haitimyel.com has no control over the content or availability of the linked sites, and we are not responsible for any transactions, interactions, or disputes that may occur between you and the linked website.
By clicking on an affiliate link on haitimyel.com, you acknowledge and agree to the terms of this disclosure. Your support through these affiliate links helps us continue to provide valuable content and maintain the operation of our website.
If you have any questions or concerns about our use of affiliate links, please don’t hesitate to contact us at haitimyel@haitimyel.com.
Thank you for your support!
haitimyel.com

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

VOTE SEPTEMBER 3rd
Fred image
Elect Fred Fontaine

I am running for State Representative of District-11 In Brockton Massachusetts because I believe that every family and member of this community deserves to live in a place where everyone is welcome, valued, respected while simultaneously living a safe, happy, healthy, and prosperous life, irrespective of their background, place of birth, skin color, or their status.

Fred image
Fred image
For State Representative

Vote for Fred Fontaine and be part of the change that builds a brighter, safer, and more prosperous future for District-11!

Fred image
On September 3rd 2024

Your Voice, Our Future: Let’s Elect Fred Fontaine!

Fred image