Pou konstwi yon ruche ou bezwen konnen ki kalite ruche ou vle konstwi, paske chak ruche genyen avantaj e dezavantaj yo, men nou menm nan Haiti myel nap konsantre sou ruche Lenstrôf la.
Genyen plizyè lòt fason pou konstwi yon ruche. Nan atik saa nap ka idantifye avantaj e dezavantaj ki genyen nan chak ruche ki fè se lenstròf nou chwazi.

Kombyen kalite ruche ki ekziste?

An jeneral genyen twa (3) kalite ruche ke yo plis itilize:
Kombyen kalitre ruch ki ekziste

  1. Langstroth
  2.  Ware
  3.  Top bar

Yo prononse yo:
1.Lenstrôf 
2.Wèr
3.Tap bàr

3. Tap Bàr ruch

Avantaj Tap bà ruche la: Li fè pi cho ke lenstrôf la, nan tan frèt myèl yo travay anpil pou yo kembe ruche la cho, men avè tap ba la, myèl yo konsève enèji yo, ki di: yo konsève plis manje (siro) paske plis yo travay yo konsonmen plis siro.

Sa ki pa bon nan tap bà la ruch la: Li mande plis atansyon ak experyans pou jere tap bàr epi li pi difisil pou jwenn mounn ki genyen eksperiens èdew paske pa genyen anpil mounn ki itilizél.
    Nòt: Tap bà ruch la se li ki pi ansyen nan tout ruch ki eksiste. “An jeneral nou ka di tap ba ruch la ap pi bon nan yon zòn ki fè frèt”

2. Wè ruch

Avantaj wè ruch: Yon wè ruch se tankou yon niche myèl ki anndan yon pye bwa, se yon vout trou li ye, myel yo fè pwop konstriksyon pa yo anndan bwat la menm jan ak anndan pye bwaa.
Avèk sa li pa mande anpil travay, si se wè ruch ou itilizé, epi li pwodwi siro ki pwòp.

Sa ki pa bon nan Wè ruch la: Lè wap rékòlté siro fòk ou lévé bwat la pou ka pran siro wa, menm lè sé 2 fwa pa Ané sèlman ou fè sa.
Men an jénéral ou travay plis ké tout lòt ruch yo, tèlman li Lou. (difisil pou rekòlté siro) épi li pa pwodwi anpil siro.

1. Lenstrôf

Lorenzo Langstroth te envante ruche modèn saa nan 1851, Ki vinn pèmèt yon pi gro pwodiksyon siwo myèl.
Langstroth beehive

Ki kote Lenstrôf te fèt

Langstroth te fèt nan philadelphia, Pennsyvania epi li te gradyé nan Yale College an 1831. Pou plézi li té fè élvaj myèl, avèk sa li vinn akimilé ékspéryans é dévlopé yon ruch ki ka bay anpil siwo.

Anvan devlopman ruch modèn saa (Langstroth), apikiltè yo pat kapab kontwolé santé myèl yo, ni pwodiksyon yo oswa abilitéabilité pou yo kembé nan myèl yo pandan yap rekòlté siwo myèl.
Langstroth ruch la pèmèt yo kontwolé santé myèl yo pi byen, pwodiksyon myèl yo ogmanté, épi myèl yo sové mwens ( myèl yo pa sove jan yo te konn sove ya ankò).

Kisa ki fè Lenstrôf té fè envansyon saa

Rékonésans li nan “éspas myèl” – lidé ya sè ké, myèl pap esaye pase yon koté ki twò piti pou kòl pa ka antré, wap bezwen apeprè yon katriyèm pous (1/4) éspas. >>
Pi dévan nap wè koté 1/4 pous la apliké nan ruch la, sé avèk mézi 1/4 saa ki mennenl a envanté ruch Langstrof la.

Li té genyen anpil ankadréman ak anpil atansyon dé yon bwat ki ka rétiré pou fè enspeksyon. Epi tou sistèm  ruch saa pèmèt apikiltè yo rékòlké siwo myèl é plis siwo myèl ke anvan.
Li pèmèt ou pran swen myèl yo avèk fasilité épi anpéché myèl yo kouri alé, an anglè yo rele sa “swarming“.

Ruch Langstroth la sé té yon révolisyon li té yé nan apikilti, konsépsyon Langstroth la fè li té fasil pou enspékté ruch la pou maladi, kontwolé santé koloni yo ak rékòlté siwo myèl.

Ki Ruch ki pwodwi plis siro

Ruch Lanstroth la an jénéral pwodwi plis siwo myèl. Li pèmèt myèl yo ranpli ansyen plasman gato yo (combs) san yo pa pram tan pou rekonstwi lòt gato, “an anglè yo rélé gate myèl la (combs)’.
Swasantkenz pousan (75%) apikiltè adopté konsépsyon Langstrth la a kòz dé tout avantaj sa yo kél bay.

Langstroth

Two (3) mwayen pou genyen yon ruch:

  1. Fè ruch la pou kòw: wap telechaje enstriksyon yo epi swiv tout mach a swiv yo.
  2. Bòs Ebenis oswa bòs chapant: wap telechaje enstriksyon yo epi wap bay bòs ou chwazi ya pou fèl pou ou. Si ou ta vle sipòte yon fanmiw oswa yon zanmiw oswa ou vle fè yon don a yon mounn, pou ede li koumanse pwogram saa, printe tout leson yo epi bay yon bòs fèl pou li.
  3. Achte ruch la tou fèt: Si ou ta vle sipòte yon fanmiw oswa yon zanmiw oswa ou vle fè yon don a yon mounn, pou ede li koumanse pwogram saa ale sou lyen saa pou achte yon ruch komplè 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

VOTE SEPTEMBER 3rd
Fred image
Elect Fred Fontaine

I am running for State Representative of District-11 In Brockton Massachusetts because I believe that every family and member of this community deserves to live in a place where everyone is welcome, valued, respected while simultaneously living a safe, happy, healthy, and prosperous life, irrespective of their background, place of birth, skin color, or their status.

Fred image
Fred image
For State Representative

Vote for Fred Fontaine and be part of the change that builds a brighter, safer, and more prosperous future for District-11!

Fred image
On September 3rd 2024

Your Voice, Our Future: Let’s Elect Fred Fontaine!

Fred image