Konstriksyon yon vwal myèl se yon pwojè brikolè (DIY) ki pi fasil konpare ak si ou tap kreye yon kostim apikol an antye. Sepandan, li enpòtan pou priyorize sekiritew, avèk sa vwal la ta dwe konstwi ak materyèl ki bay bon vizibilite ak pwoteksyon pou myèl pa pikew.
Ou kapab achte yon kostim apikòl antye si ou vle gen plis konfyans ak pwoteksyon. Pi devan nap moutre ou ki kote ou ka jwenn yon kostim an antye.
Kisa ki yon vwal myèl
Yon vwal myèl se yon kouvèti ki fèt a twal ki gen visibilite e ki an menm tan kreye vantilasyon pou kapab respire pandan ou mete vwal la. Yo sèvi avèl nan apikilti kòm pwoteksyon pou kouvri tèt ou ak figiw lè wap travay nan ruch myèl pou myel yo pa pikew.
Pi souvan ou jwen apikiltè ki itilize yon kostim konplè poul asire tout pwoteksyon pou myèl pa pike yo.
Men yon gid senp nou prepare nan Haiti myèl sou fason pou fè yon vwal myèl debaz: Not: vwal de baz saa pa pwoteje tout kòw, ki donk fòk ou asire ke ou abye apwoprye pou sèvi ak yon vwal.
Abiman apwoprye pou mete lè wap sèvi a yon vwal:
-Chemise manch long boutonen jis nan kou ak yon mayo anbal
-Pantalon pye long ki pou kouvri tout janm ou
-Soulye oswa bòt fèmen pou kouvri do pyew.
-Gan pou pwoteje menw
Materyèl ki nesesè:
A. Twal epè
B. Twal an may (mesh fabric) (nylon oswa lòt materyèl ki ka anpeche ensèk pikew)
C. Tep pou mezire
D. Chapo an pay
E. Sizo
F. Elastik
G. Machin a koud oswa ou ka koud li ala men
Pran Mezi Chapo a
- Meziré sikonférans chapo-a
2. Divizé sikonferans chapo a pa 2 épi ajouté 2″ sou li.
Ex: Si sikonférans chapo-a mesiré 24″ – lèw divizél pa 2 lap bòw 12″
wap ajouté 2″ sou li ki = 14″ — kounye a ou vinn genyen 2 mwatye 14″ (pous) ki egal a 28″. (pa blye chif sa yo se chif imajinè yo ye, chif paw la pral depan de grosè chapo ou utilize, a leksepsyon de 2″ la ki systematik, paske se twal ekstra pou ka jwenn ase twal pou koud vwal la).
- Wap koupé yon moso twal épè ki égal a 14″ laj x 24″ long
- Repeté niméro 3 pou twal vwal la (twal a trou-a oswa twal nylon nan oswa twal an may la)
- Koud twal epè a nan arebò dèyè chapo a, (mwatye sikonferans la).
- Repete nimero 5 pou twal an may la ki se devan chapo a
- Wap koud 2 soukote yo soti nan chapo a pou rive 2″ (pous) depase epòl yo
- Itilize 1/2″ – 3/4″ pou koud elastik la nan 2 sou kote yo epi koud elastik ki anba deyè a, an swit koud elastik ki anba devan an.
- Ou vinn genyen 4 ekstremite (pwent), wap atache yon moso twal oswa yon fisèl ki mezire 5″ (pous) long nan chak pwent sa yo.
Kijan pou sèvi a vwal la
Lè wap sèvi a vwal la, wap mete chapo a nan tèt ou, wap rale vwal la desann pou 2 soukote yo chita sou epòl ou epi wap mare 2 kòd ki nan chak soukote yo. Nòt: asire ke ou mezire vwal la e ke tout arebò elastik yo byen fèmen anvan ou al ekspozew sou myèl yo
Toujou sonje ke sekirite yon vwal myèl depann sou kalite materyèl ou itilize ak kijan ou konstwi li. Si ou pa gen konfyans nan kapasite w pou kreye yon vwal myèl ki an sekirite, li rekòmande pou achte youn ki fèt pwofesyonèlman pou asire sekirite w lè w ap travay ak myèl.
Si ou ta renmen vinn bòs tèt ou pou pa janm travay ak mounn ankò clike sou lyen saa.




Ahaa, its pleasant conversation about this article here at this website, I have read all that, so at this time me also commenting at this place.
bddfbg cialis low price guarantee ceahfwjam
I am sure this article has touched all the internet people, its really really good piece of writing on building up new weblog.
Thanks for finally writing about >Celecoxib Costo – Rx Meds Blog <Liked it!
Way cool! Some very valid points! I appreciate you penning this post plus the rest of the site is also very good.
Wow, this post is nice, my sister is analyzing these kinds of things, so I am going to tell her.
This piece of writing offers clear idea for the new visitors of blogging, that in fact how to do blogging and site-building.
It’s very effortless to find out any topic on web as compared to textbooks, as I found this post at this web site.
If you are looking for somewhere to play, check out 7vvbetgame, I like the gameplay and UI could make it your place. 7vvbetgame
Alright, spill the beans! Is this aviatorpredictor1win any good? Seems a little too good to be true, you know? Anyone actually scoring wins with this thing? I’m skeptical but curious! See what it’s about here: aviatorpredictor1win